Nòdwès: kote ki gen plis secherès ak grangou nan peyi-a pa benefisye yon sèl nan 17 pomp dlo Taiwan yo

0 435

Pòdpè__(TRiboLAND) Ki moun kap panse pou gouvènman Jovenel Moise! E nan ki labou anplis gouvènman sa vle trennen peyi a! Triboland sezi tande a travè Minis Joseph Jouthe ke don 17 ponp Taiwan bay Ayiti yo, pwal repati nan Latibonit, nan Repiblik Pòtopwens, nan Nò, nan Nòdès, ak nan Sid; alòske Nòdwès ki nan yon eta alamant pa menm figire nan lis swadizan ekspè agwikilti ak anviwònman gouvènman Jovenel la!

sistèm ponpaj dlo ki opera ak enèji solè

Ankò se yon lòt pwèv ki montre ke richès peyi-a toujou tonbe nan gagòt ak anba men enkonpetans ki pa ka diferansye “le faux du vrai”. Se yon pwèv tou ki montre tout peyi-a divize sou baz inegalite, e nesesite pou deba endepandans zònn yo inyore e maltrete yo kontinye fè chemen-l, jiskaske gen zouti ki mete anplas pou li vinn yon reyalite.

Nòdwès pa etone de konpòtman gouvènman sa ki pa sispann fè pwèv enkonpetans menm nan chwa ke lap fè. Bay yon moun jwe wòl minis agwikilti tankou Minis Joubert C. Angrand ki inyore egzistans yon depatman ki an agoni avèk sechès depi plis pase twa lane, se revoltan, se yon krim ki merite tradwi devan tribinal entènasyonal!

Se klè, sistèm mafya kap asyeje Nòdwès ak anpil lòt zònn tankou Lagonav ak LaTòti vle ale jisko bou pou ekstèmine popilasyon sa yo. Konsa, tout otan gen tip vagabondaj sa yo anvè yon seri pwovens ke yo trete pi mal ke chyen, e yap abize depi plizyè deseni, se tout tan ap gen lide pou zònn sa yo chèche pwan otonomi yo kont gran manjè enkonpetan ki pa wè pi lwen ke pwent nen yo.

Leave A Reply