Repiblik Dominikènn: pèsònn pa dwe touye anyen, pa menm yon koulèv

0 302

SANTO DOMENGO__(TRiboLAND) Ministè Anviwonnman fè sòti yon kominike lis wouj ki genyen yon lis espès zannimo ki menase pou ta disparèt men poutan ki dwe pwoteje selon standa Inyon Entènasyonal pou Konsèvasyon Lanati (IUCN)

Nan dokiman sa-a, ki klèman lonje dwat sou lachas, pèchri, menas, move trètman, ekstèmine, touye, trafike, enpòtasyon, ekspòtasyon, boukantaj, manifakti, pwodiksyon pou travay atistik avèk yon seri espès tankou: etwal lanmè, koral lanmè, krab, zaranyen, lanbi, cheval lanmè, papiyon, zwazo, kanari, flanman roz, kochon, koulèv, tòti, mabouya, ibou, pwason, eskago, jako, gran kola, kana, zangi, reken, chovsouri, lagratèl, gragra ak yon pakèt lòt, yo tout ilegal.

Antouka, lis wouj Ministè anviwonnman an klasifye an twa gwoup ki: 26 nan espès sa yo gravman menase; 95 andanje ak 260 vilnerab. Amelyorasyon egzistans espès sa yo se angajman ki gen pou wè avèk plan strateji global (2011-2020) pou konsève biodivèsite-a.

Leave A Reply