Ayiti: Yon resèt tradisyonèl lakay ta sanble kapab mate kowonaviris la

0 711

 Pòtopwens___(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ke li bay Emisyon Maten Deba nan Pòtopwens, JM ki idantifye tèt li kòm yon doktè ayisyen e ki fè eksperyans avèk nemoni nan tan pase, revele yon resèt tradisyonèl ke anpil nan konpatriyòt frè ak sè ayisyen nou yo kapab pran pou kontrekare ou derasine kowonaviris la.

Dapwè JM, se yon kalite “punch”, yon bon bwason ki gen bon gou sitou lè ou mete yon ti kal suk toupiti ladan l; yon moun kapab pran sa tanzan tan nan vi li jis pou ranfòse kondisyon pulmonè lakay li; sa bay tou kapasite aewobik ou kondisyon respiratwa moun bonjan jarèt. Doktè JM kontinye pou l di “se yon resèt tradisyonèl ke papa l te fè pou li lè li te genyen nemoni alaj 17 tan”.

Alò li enpòtan pou nou pwoteje idantite doktè JM, sitou si resèt sa reyèlman yon antidòt fawouch kont viris la.

Engredyan: yon pat lalwa, yon vè lèt bouyi, yon grenn ze kri, 1 ou demi kiyè wòm (nenpòt ki wòm)

  1. Pran yon pat lalwa, lave l pwòp e kale l pou retire pati vèt ki anmè li genyen ladan l an.
  2. Bat glè lalwa a byen bat avèk yon fouchèt nan yon asyèt jiskaske li tounen likid.
  3. Kase e bat byen bat ze a ak yon fouchèt nan yon ti bòl.
  4. Bouyi yon vè lèt (nenpòt ki lèt) byen cho.

Koulya, mete lalwa a nan yon vè e ajoute lèt cho a ladan l; ajoute ze ki te bat la ladan l; ajoute egalman yon demi kiyè wòm ladan l epi bwase e bwè li tou cho (pa twò cho nan yon pwen ke ou pa ka tolere).

Nòt Enpòtan: Silvouplè pou respè pwotokòl ak kominote syantifik la, pa fè “gran panpan pou montre ou genyen solusyon viris la nan men w”; ni pa vulgarize nan yon fason inapwopwiye sou “rezo sosyal” yo oubyen tante fè komès ak yon parèy resèt tradisyonèl ki inikman yon bwason ki lye ak pitit tè Dayiti.

Silvouplè! Silvouplè! Aji avèk diskresyon, paske pèp ayisyen deja gen twòp sou tèt li! Pataje avèk diskresyon e san enterè. Tout kredi a ale jwenn Doktè JM ak responsab Emysyon Maten Deba nan Pòtopwens.

Leave A Reply