Me 10 manje ki kapab fè sèvo ou fonksyone pi byen

0 382

Yon sèvo se yon ògann ki pi enpòtan nan kò ou. Se sèvo-a ki responsab tout fonksyon de baz tout rès kò ou. Se li ki voye sinyàl bay plizyè ògann e bay yo enstwiksyon kòman pou yo fonksyone. Li fè kè ou bat, li pèmèt poumou-ou elaji e kontrakte, li pèmèt zye ou bat e janm ou deplase, etc.

Li ekstrèman enpòtan pou ou kenbe sèvo-a an sante. Manje byen ak fè egzèsis se 2 fason senp ki ka fè sèvo-w fonksyone omaksimòm e ede-l rete an bonn sante yon fason pou-l pa deteryore trò vit. Sa trè enpòtan; tout otan wap vyeyi se tout otan ou riske devlope maladi Alzheimer (pèdi memwa).

Me yon seri manje ki kapab bay sèvo-w enèji pou-l fonksyone pi byen

Pwason

Pwason, espesyalman lwil fwadmoru, genyen omega-3 lwil fwadmoru ke sèvo-w itilize pou devlope sèvo-a ak selil nève yo. Omega-3 a kapab ede avèk apwantisaj e memwa. Lè gen anpil selil ki pwodwi, sa ralanti vyeyisman sèvo-a e ede konbat Alzheimer.

Chokola nwa

Chokola nwa oubyen chokola an poud genyen antioksidan ladann ki akselere pwosesis apwantisaj pi vit e trè fasil. Li ede tou avèk memwa e ran vyeyès sèvo-a ale mwens vit.

Grenn

Kosome pistach, nwa, zanmann, oubyen kwokwo, tout grenn sa yo genyen matyè gra ladan yo, Vitamen E ak antioksidan ki esansyèl pou genbe sèvo-w an sante. Vitamen E kapab ede ou jere memwa-a ak abilite pou panse omaksimòm. Manje grenn nan nenpòt ki fason, kri, griye ou byen an poud ou bè.

Zaboka

Zaboka chaje ak grès, men se grès ki bon pou sante e li kontwibye nan desann tansyon ki fasilite ogmantasyon memwa ak kapasite pou panse. Ou kapab itilize grenn chia nan plas zaboka tou.

Grenn antye

Grenn antye tankou diri jonn, ble, ak avwann yo tout relache enèji tou dousman. Sèvo-w bezwen kalite enèji sa pou-l ka rete eveye e byen fonksyone.

Zoranj

Zoranj gen yon nich Vitamen C ki kontwibye nan pwevansyon dejenerasyon selil sèvo-a pandan vyeyès. Sa ede tou nan pwevansyon maladi Alzheimer. Vitamen C nan zoranj lan genyen antioksidan ladan-l ki ede konbat yon seri ajan ki ka andomaje sèvo-a. Lòt sous Vitamin C: tomat, piman ver, gwayav ak fwèz.

Kafe ak Te

Yo tou de gen kafeyinn ak antioksidan ki ogmante fonksyon sèvo-a. Kafeyinn kontwibye nan ede moun rete fokis, li ede moun gen bònn umè e fè yo sonje pi byen. Antioksidan ki nan te-a, ede san-w koule byen tandiske antioksidan ki nan kafe-a ede redwi risk pou maladi nerolojik.

Bwokoli

Vejetab sa genyen antioksidan ak anti-inflamasyon ki kontwibye nan pwoteksyon sèvo-a. Li genyen Vitamen K ladan-l ki esansyèl pou selil sèvo-a.

Te vèr

Menm jan ak kafe e te, te vèr ede moun rete fokis ak trè eveye. Li ede nan ogmantasyon pèfòmans memwa-a. Li genyen asid amine tou ki ede-w vinn kalm oubyen relax. Kèk eleman nan te vèr-a kapab pwoteje sèvo-a e anpeche deteryorasyon mantal.

Tumerik/Safwan

Tumerik oubyen safran se yon epis, li ede redwi anflamasyon, redwi pèd memwa lakay moun ki fè Alzheimer; li ede moun gen bon umè ak amelyorasyon nan sentòm depwesyon.

Sante, TRiboLAND

Leave A Reply