Etiopi se peyi ki chanpyon nan plante plis pye bwa nan yon jou sèlman

0 342

ETIOPI__(TRiboLAND) Nan lane 2013 Depatman Forè Sindh nan Pakistan te arive chanpyon nan Monn Rekò Ginès-la avèk yon skò de 300 moun ki te arive plante 847,275 pyebwa nan yon espas de 24èd tan.  Twa ane apwè nan Jwiyè 2016, peyi End bat yon rekò avèk 49.3 milyon pyebwa nan menm entèval tan an. Sepandan, yè ki te 30 Jwiyè 2019 la, peyi Etiopi pete plafon avèk yon rekò etonant kote ke volontè anndan peyi-a arive plante plis pase 350 milyon pyebwa nan diferan zònn nan yon entèval de 12 èd tan.

Movman sa antre nan kad pwogram Inisyativ Vèt premye Minis Abiy Ahmed la ki chita sou yon plan pou remanbwe forè ou konbat aktivite zak ratibwazaj pyebwa ki se lavi nan peyi Etiopi.

Konsa, tèritwa peyi Etiopi-a deja a 30% forè vèt. “Restorasyon forè nan yon peyi pa sèlman yon strateji anviwonnmantal, men li se yon strateji devlopman ekonomik ak sosyal tou. Li bay pwosterite, sekirite, ak opòtinite! Avèk restorasyon peyizaj forè nou yo, nou wè vrèman yon pakèt ekspansyon nan nivo agwikilti e peyizan nan zònn riral yo fè gwo avanse nan ogmante sous revni yo ak myezèt yo”, sa se te deklarasyon Minis resous natirèl peyi Rwanda te fè yon lè.

Aktivite plante pyebwa nan zònn Katbare nan peyi Etiopi

Dapwè responsab yo nan peyi Etiopi, yo gen plan pou kouvwi tou vèt apepwè 57,915 km kare tè. 29 Jwiyè pase-a, Premye Minis Ahmed te ankouraje plizyè milyon sitwayen etiopyen, kote ke chak sitwayen te rekòmande pou plante 40 plantil. Yon inisyativ ke sitwayen yo te pwan reyèlman a kè; dayè, anpil lekòl ak biwo leta te fèmen pòt yo yon fason pou te fasilite masiv patisipasyon.

Credi foto: COURTESY TREES FORTHEFUTURE/(CC BY 2.0)

Leave A Reply