UNNOEH: Anonse yon lòt grèv pou Lundi 28 Janvye nan Nodwès

0 526

triboland.com   01-26-2019

Mobilizasyon san pran souf pou fóse dirijan yo nan Leta a pran responsabilite yo fas ak revandikasyon anseyan yo kap bourike nan sal klas yo san touche yon santim ap rapousib jou kap Lendi 28 janv 2019 la selon responsab UNNOEH branch Nódwès la.

Pwof Antoine Macdonet voye yon gwo kout chapo bay sektè anseyan an pou reyisit grèv 02 jou (Lendi 21 e Madi 22 janvye 2019) atravè peyi dayiti. Responsab UNNOEH nan rejyon an, mande pou anseyan yo kontinye flote drapo mobilizasyon an jiskaske Manzè Leta saa ki pa gen nan kalandriye l edikasyon kóm priyorite tande la rezon.

Pwof Macdonet Antoine

Leave A Reply