Pòdepè: Manifestasyon kont lavichè, ensekirite, blakawout ak vyolans sou medam inivèsitè yo.

0 578

 Maten Jedi 30 Me 2019 sa-a, sou  inisyativ  UNNOEH “, Inyon  Nasyonal  Nòmalyen  Edikatè  Ayisyen “, branch  Nòdwès,  elèv lekòl, etidyan, pwofesè, inivèsitè nan   Pòdepè, pran  lari  pou  yo  sa  di  non  avèk lavichè, ak  fatra, labou ki se sèl kòk chante nan Site Kapwa Lamó  a; blakawout  kote se lalin, zetwal nan syèl ak balèn tèt gridap ki sèvi limyè pou pèp la.

Ensekirite kap vale teren nan peyi a kote se bandi sèlman ki gen lavwa ochapit nan mache detounen kamyon machandiz timachann yo e lage yo nan plis mizè mete ansanm ak vyolans kap fèt sou medam inivèsitè yo sitou choke manifestan yo ki te gen pannkat nan men e yo tap pakouri plizyè ri nan vil Pòdepè san prezans lapolis.

Foul moun sa yo ki pat epanye pouvwa anplas-la fas a revandikasyon yo te estime pita va pi tris. Yo mande pou Palè Nasyonal, Primati, Palè Lejislativ bay talon yo pou pèmèt peyi Papa Desalin nan rive rale yon souf.

Manifestasyon sa-a te fini san okenn ensidan. Plisyè nan responsab yo pwomèt ankò yon fwa pou yo achte beton-an lajan kontan

Wiskis Saint Jean, TRiBOLanD.

Leave A Reply