Nòdwès: Kazek yo leve kanpe

0 319

Asosyasyon Kazek Nòdwès yo (AKNO) te rankontre ak laprès kote yo fe konnen yo konte rantre nan kapital peyi a pou yo al reklame 6 mwa sale leta ayisyen dwe yo. Mesye dam sa yo fè konnen se yo menm ki ap viv ak population an se yo menm ke moun nan population an wè chak jou bondye mete. Konsa, yo deside mete soup ye yon mouvman ki rele “PAKATANN ” kote yo pwal rankontre tout rès Kazèk yo nan kapital peyi a, Pòtoprens pou yo mete vwa yo ansanm pou di gouvènman an yo pa dakò ak fòm trètman sa yo.

Eli ki fè pati kolektivite teritoryal yo te profite okazyon an pou te fè eta de dives problem ke population an ap konfwonte tankou lavichè ki lakòz malere yo pa ka moute chodyè; ti zannimo yo ki ap mouri pa ban e pa paket; population an paka jwenn dlo pou bwè; e pa menm yon sant sante yo pa genyen. Konsa, yo deklare ke gouvènman an pwan tout atribisyon yo genyen pou bay Depite ak Senatè yo fè gagòt ak lajan kontibyab yo; tandis ke yo menm ki pwomèt populasyon an anpil bagay men jiska prezan yo paka fè anyen.

Se konsa, Kazek sa yo fè konnen yap pwan lòt mezi si tout fwa ministè interyè ak kolektivite teritoryàl pa ka di anyen pou rezoud problem yap konfwonte yo. Dapwè deklarasyon prezidan Kazèk Nòdwès la Jimmy Derisma ki fè konnen yap kenbe baton pèleren yo jiskaske gouvènman an di yon mo pou yo; paske pwoblèm payizan an se pwoblèm pa yo.

Jehrbson Petit, Triboland

Leave A Reply