Nodwès: Yon ti avyon sispèk fè aterisaj fòse tout prè vil Mòl Sin Nikola

0 773

02-10-2019

MOLE St. NICOLAS__(Triboland) Yon avyon te fè yon aterisaj fòse yè Samdi 9 Fevrye an. Rezidan ki nan zònn avwazinant vil Mòl Sin Nikola a te leve jwenn yon avyon prive ki ta sanble fè yon aterisaj fòse. Ti ponyen polis kap bay populasyon an sekurite pat gen chans pwan kontwòl zònn nan alòske yo pa jwenn oken pasajè e populasyon an te deja akapare tout sa kite andan avyon an.

Sèten moun ta evoke yon evantyèl aktivite dwòg ant Jamaik ak Ayiti. Lòt moun ta vle kwè se aktivite moun ki gen pouvwa nan peyi a kap pwofite fè bilyon pandan ke peyi a maronde nan kriz.

Antouka, enfòmasyon yo fè eta de 6 reselè sispèk ki ta anbakòd rèd mare nan yon tjip militè a destinasyon Pòtopwens. Sepandan otorite Podpè yo pa fè twòp detay sou zafè a ki toujou ap envèstigue. Konferans pou Lapress kite prevwa pou Jodi Dimanch 10 Fevrye a, repòte pou Lindi si kè papa Bondye kontan.

Triboland.com

Leave A Reply