Paleman kò gang ak nich kòronpi sa-a te dwe kraze lontan deja

0 314

Pòtoprwens__(Triboland) Malgre ke se yon kò palmantè ki rine peyi-a sou tout fòm depi plizyè deseni san konte kòripsyon, vòl, dwòg, gang, povwete extrèm, ensekirite ak lavi chè; li te lè li te tan pou yon ti gwoup senatè di sa se twòp atò. Se sèl Palman ki sou latè ki kòronpi nan eta sa-a epi ki vle rete sou moun toujou. Nan peyi serye, yo tout te dwe tradwi devan yon tribinal entènasyonal.

Antouka, se rat kay kap manje kay pay. Men, sa pa anpeche nan konjonkti sa-a moun bat bwavo pou kouraj 4 Senatè yo ki arive kraze seyans palmantè jounen 30 Me 2019 a. Li te lè li te tan pou yon bagay konsa kraze, yon kansè ki yon disgras pou peyi-a ki pwèske pa peyi ankò.

Sepandan, pèp souveren te dwe pwofite yon parèy okazyon pou te finn fè travay koukouwouj dèyè kriminèl yo tankou sa te fèt nan Bukina Faso, Izrayèl, Laroumani ak anpil lòt kote.

Jacob Bendallahm, Triboland

Leave A Reply