Pòdpè: Reyaksyon sou aksyon 4 Senatè opozisyon an ki te fèt jounen Jedi 4 Me 2019 an

0 401

PÒDPÈ__(Triboland) “Zak kraze brize e vòltije mete deyò, se zak ki konn abitye komèt nan majorite Palman nan Lemonn, malgre toya lòt sèktè ap voye sou do 4 Senatè opozisyon an ki an minorite.

Me Fresnel Jean

Lè ou analize kòpòtman Ekip Palè Nasynal la, ki gen nan tèt li Pwezidan Jovenel Moïse ki pa vle tande la rezon; reyaksyon oubyen konpòtman 4 Senatè say o pa ta dwe etone pèsonn moun”.

Se opinyon ansyen Batonye Lód Avoka yo nan vil Pòdpè, Me Fresnel Jean ki konseye Pwezidan Repiblik la Msye Jovenel Moïse: si-l pa malad pou pouvwa, si-l pa wè ke li pèdi kontwòl renn peyi a, dwe pran konsyan li pap dirije, paske tout enstitisyon leta yo tonbe e disfonksyonèl. Konsa, li ta dwe lonje men-l bay vrè opozisyon an ki te òganize divès manifestasyon atravè peyi an pou reklame demisyon-l nan tèt pouvwa-a. E, se sa Lasajès mande, nan kad yon negosyasyon san mètdam ak ipokrit. Konsa, petèt va genyen yon ti van espwa pou sove peyi sa ki pa kapab ankò.

Ansyen Batonye Lód Avoka yo nan vil Pòdpè, ansyen Prefè Nòdwès sou CNG (Conseil Nasyonal Gouvènman) nan lanne 1987, Me Fresnel Jean fini pou-l di ke li pa rete kwè PM Jean Michel Lapin se vrè zèl kat Prezidan Jovenel Moïse ki pa janm manifeste volonte pou negosye ak palmantè opozisyon an ki nan tou 2 Chanm yo yon fason pou evite yon 3e epizòd.

Wiskis Saint Jean, Tribolanb

Leave A Reply