Yon jènn gason mouri anba bal nan yon pwogram “Carwash” yèswa devan Fakilte Ètnolojik

0 425

Pòtopwens__(TRiboLAND) Yon jènn ap benyen nan pwòp basen san li devan Fakilte Ètniloji apwè ke li te finn resevwa plizyè bal pandan yon pwogram “Carwash” yèswa Dimanch lan devan blòk “Relax” nan kapital la.

Selon zanmi viktim nan ki te fè entèvansyon sou yon radyo nan kapital la ta deklare ke vrè non viktim nan se “Porky Henri”, alòske Porky te kenbe pyès idantifikasyon zanmi an pandan anbyans.

Nouvo fenomènn “Carwash party” sa, se yon lòt peripesi ki ajoute nan mizèrere kotidyen ayisyen an. Abyans gwo mizik endesan makònen ak dans gwo dada, voye dlo pou benyen moun pèzib kap pase, ak anpil lòt aktivite degradan ki enplike yon pakèt jènn ki pa jwenn oken pwogram desan ki te ka chape yon jenès kap plonje nan debòch ak inasèptab. Plizyè plwent deja depose kont mouvman carwash party a ki menase pou atake dwa lòt moun e deranje twankilite piblik nan kapital la.

Antouka, kadav Porky Henry, pwezime viktim nan toujou anba zye piblik la: yon lòt krim odye, yon lòt asasinaj, yon lòt vi ankò ki disparèt tankou van anba zye yon peyi san gouvènay kap desann nan lanfè chak minit.

credit photo: Haiti24

Leave A Reply