FMI bat gwo bwavo pou pèfòmans ekonomik Repiblik Dominikènn

0 386

Sen Domeng__(TRiboLAND) Responsab FMI yo bat gwo bwavo ak kontantman pou dènye pèfòmans ekonomik solid Repiblik Dominikènn nan. Yo voye gwo ochan tou pou otorite yo ki pa deside fè bèk atè nan chanje eskanp figi peyi yo pwèske chak jou BonDye mete.

Sepandan, yo ankouraje responsab yo pou yo kapab pwan avantaj moman sa-a pou yo pi agresif nan manbwe ak ranfòse e mete baliz ki ka pèmèt ekonomi an reziste avèk fòs rezèv ak yon kondisyon fiscal ki djanm si tout fwa ta genyen yon sitiyasyon kriz demen.

Pami gwo nòt pèfòmans pozitiv peyi Repiblik Dominikènn nan onivo ekonomik, ou jwenn: rediksyon povwete, diminisyon inegalite ekonomik ak kontinyite san rete onivo pwosperite.

Leave A Reply