“BNC” nan vil podepè, yon veritab sèvis lòbèy, rakèt ak kastèt chinwa

1,988

09/14/2021

Pòdpè_____(TRiboLAND) “BNC” ki se Banque Nationale de Crédit , se yon antite prive ki bay anpil sèvis ekonomik ak sosyal sou teritwa nasyonal la . Avèk entegrasyon BNC gen anpil sevis ki valab e benefik pou sosyete kote sikisal la sitye a.

Anpil sèvis disponib tankou (PROcredi, KAYpam, la carteBNC, AssuranceBNC, Ma BNC, BNC atm…). Sikisal BNC ki nan Ri Benito Sylvain nan vil Pòtpè, se yon veritab kastèt chinwa , yon pòt lanfè pou chak moun ki vin pran sèvis ladan l.

Gen moun ki kite lakay yo depi 5è douvanjou nan maten ak espwa ke yo va jwenn sèvis san pwoblèm, men pito se plis pwoblèm yo vin chache ak machwè gonfle. Dapwè dividal temwanyaj anpil kliyan estime ke se enjis lòske ajan sekirite kap bouskile yo e profite pran lajan nan men moun pa pou fè yo pase avan moun ki te la. Pafwa se nan solèy la yo oblije al pase jounen yo ; e si yo gen chans antre se toujou menm blokis la paske pa gen yon ajan ki pou oryante yo nan liy sèvis yo gen bezwen an.

Popilasyon an fè apèl a responsabilite direktris Nedlie Dominique Guerrier ki se Direktris kap jere yon parèy strikti ki se yon veritab tchanpan e ki pa manifeste yon ti kal respè pou popilasyon Nòdwès la.  Tretman yo ke yo jwenn nan sikisal BNC Pòdpè a pa fèt pou moun. Gen anpil moun ki oblije rantre Gonayiv pou al nan yon lòt sikisal BNC tèlman tretman yo pa kòdjòm.

Se yon veritab wont nasyonal, pou moun oblije ap soti jous Ansafolè, Jean Rabèl, Latòti e latriye pou fè yon tranzaksyon bankè nan peripesi ki prèske pran yon jounen mizèrere e pafwà raketè pakite kliyan an antre. Pou fè yon tranzaksyon bankè nan vil Gonaiv, li pran sèlman 15 minit e akèy ak pwopte diw bonjou depi an lagan.

Si sitwayen yo pa ka jwenn sèvis nan respè , se ap yon koz nòmal pou revandikasyon yo fè chimen ki nòmal la ,e konsa tout mezi ap pran pou kwape jan de move tretman sa yo.

SAINT-VIL-FLORVENS (ZAMBIGUIT’ART) 4307-4435

Comments are closed.