Dyaspora ayisyèn nan pral rale yon souf nan zafè kalvè yo t’ap monte pou kesyon paspò

350
1
Share:
TRiboLAND

07 – 06 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Kominote ayisyèn nan nan dyaspora a pral soulaje ak zafè paspò a apre vizit PM Dr Garry Conille te fè nan peyi Etazini.

Li pa posib dapwè deklarasyon PM nan, pou yon ayisyen nan dyaspora a pou se nan kase tèt pou li jwenn yon paspò ki se yon senp pyès idantite.

Pou rezoud pwoblèm demand paspò a, PM Garry Conille pwomèt yon latriye mezi nan jou k’ap vini la yo, yon mannyè pou amelyore kalite sèvis paspò yo nan anbasab peyi Dayiti yo.

N’ap raplew ke zafè paspò ak viza nan plizyè anbasab peyi Dayiti, se sous kòripsyon e se minn lò pou eskanmòtè diplomatik, ki nan dènye 10 lane say o, detripe ou sal imaj peyia nan rakèt ak kòripsyon.

Afè biznis paspò ak eskonbwit nan plizyè bwat diplomatik, enplike yon latriye politichyen ayisyen sansal ki efondre peyi a.

Nap raple, rakèt paspò ak gwo eskonbrit mennen ak revokasyon plizyè gwo potanta kòwonpi mal pou wont.

Share:

1 comment

Leave a reply