Premye Minis Garry Conille rankontre reprezantan medya anliy yo

07 – 25 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Premye Minis defakto Garry Conille rankontre jounen mèkredi 24 jiyè 2024 la, reprezantan “Réseau national des médias an ligne” (RENAMEL) ak “Association haïtienne des médias en ligne” (AHML) sou kriz sosyo sekiritè aktyèl peyia ap fè fas.
Premye Minis lan rankontre asosyasyon medya anliy yo kèk jou aprè gouvènman ak lapolis te mande jounalis medya anliy yo sispann kouvri operasyon lapolis ap mennen kont bandi sangwen yo, yon fason pou sispann mete lavi ou sekirite polisye yo an danje.
Objektif rankont sila, se te pou kreye yon espas diskisyon ant medya yo ak gouvènman an, daprè PM lan. Chèf gouvènman an kontinye pou di responsab yo, reyisit eta dijans sekirite a depann an pati de laprès ou medya anliy yo. Li fini pou di yo, medya yo gen yon enpòtans total kapital nan rezolisyon kriz la.
Rankont sa petèt pral mete dlo nan diven divès jounalis ki toujou ap kouvri operasyon lapolis yo. Divès moun nan popilasyon an pa wè ak bon jye jounalis medya anliy yo, yo ta anpil fwa akize kòm antèn bandi pou defye lapolis nan kad travay yo.






