Depite Deus Deronneth pwopoze kèk pis pou-n jwenn solisyon problèm ensekirite a

236
0
Share:
TRiboLAND

07 – 06 – 2024

Marigo, Ayiti ______(TRiboLAND) Depi anviwon 4 lane pwoblèm ensekirite nan peyia rete youn nan pi gwo flewo kap wonje sosyete ayisyèn lan, popilasyon an pa kapab ankò! Malgre mizanplas konsèy prezidansyèl tranzisyon an ak fòmasyon nouvo gouvènman an ki gen nan tèt li PM Garry Conille, popilasyon an pa sispann soufri e ap trepase.

Deus Deronneth

Fas ak konsta sa yo, ansyen depite sikonskripsyon Marigo a, Deus Deronneth pwopoze kèk pis solisyon ki kapab ede-n soti nan sa nou ye la sou kont X li. Pou rezoud pwoblèm ensekirite a, fòk gen bon jan aksyon konkrèt ak negosyasyon.

Ansyen palmantè a pwopoze selon nivo konpetans li :

  1. rankont e diskite ak malfra sangwen yo;

2. mete an plas yon pwojè pou kreye travay;

3. desantralize aksyon piblik yo pou redwi egzòd rural;

4. fòme epi ranfòse Polis ak lame a;

Li enpòtan pou nou konnen,  pwosesis pou-n rezoud kriz ensekirite a, dwe genyen akò tout moun.

Share:

Leave a reply