Gwo eskandal Kòripsyon paspò atravè yon “diplomasi Lobodya Bòs Djo” nan anbasàd Dayiti a nan Wàchentonn

1,156

08/13/2021

Wachentonn________(TRiboLAND) Lanmò krapile Jovenel Moise la, pa sispan rale mennen vini dèyè l anpil dlo sal ki chaje ak labou kòripsyon; konsa, li klè ke swà dizan senpatizan ansyen chèf deta a, san respè ta plis detèmine dezonore li ak yon seri ka kòripsyon ki pat pran yon dimansyon osi egzajere avan.

Pami gwo zak kòripsyon ke PHTK yo kontinye ap kòmèt, li gen pou wè avèk dezòd  ak lawont ki genyen nan diplomasi ayisyèn nan. Moun ke ansyen pwezidan Jovenel Moise te mize sou yo, yo kontinye ap trayi li e menm asasine memwà li ak yon seri gwozàk malonèt ki anfonse nasyon ayisyèn nan plis labou santi.

Yon sous konfidansyèl rapòte TRiboLAND gwo eskandal kòripsyon paspò kap sekwe anbasàd Dayiti nan Wàchentonn nan moman sa. Eskandal la tèlman titanik ke otorite Federal Amerikèn yo ta sanble foure bouch nan yon parèy dosye konfyolo (aktivite gwo cash ak paspò nan filyè lapòs ou Fedex kap soti nan yon seri ajans tankou nan Repiblik Dominikèn, Chili ak plizyè lòt kote) ki genyen gwo magogo lajan ki adrese dirèkteman nan rezidans pwive yon seri gwo potanta kap travay nan inite paspò nan anbasàd Dayiti nan Wachenton.

Anpil gwo envèstigasyon deja mennen anndan espas diplomatik la; alòske Juste, ki ta sanble administratè anbasàd la e ki se kouzen minis defakto pou Afè Lòt Bò Dlo peyi Dayiti a, Claude Joseph pa konnen ki sen pou li rele nan mitan yon parèy eskandal ki trennen konpetans diplomasi bòs Djo a nan plis labou.

Se yon pwàtik kwonik ki genyen plis pase yon deseni. Plizyè nan pwezume eskanmòtè yo ki danse kole sou kote ak plizyè ajans reselè yo, deja jwen revokasyon yo. Konsa, kouzen minis Claude Joseph ki se Juste, ta sanble gentan jwen revokasyon li bò kote menm moun ki te depoze ‘l nan pòs manmèl bèf la. Malgre genyen gwo mannèv kap fèt pou kouvwi; fwà sa se twòp atò, otorite Federal Amerikèn yo ap fouye plis zo nan kalalou.

Nan sans sa, anpil kritik estime depi plis pase 10 lane se malvèsasyon ak krim finansyè san pidè ki karakterize diplomasi ayisyèn nan. Pouvwa PHTK a nan sans sa, pa montre oken anbarasman nan zye rès monn nan lan. Ajoute ak sa, ou jwen yon minis Afè Lòt Bò Dlo ki ta sanble depoze tout kòt fanmiy li nan tout bwàt diplomatik yo. Se pwèske an koup li depoze yo nan yon seri pòs, alòske yon seri diplomat ki boure ak eksperyans e konpetans voye nan kwen. Se yon veritab eskandal pou yon sèl moun akapare ou demantle diplomasi yon peyi nan yon nivo parèy.

San pale de yon seri jounalis ou pwopwiyetè radyo nan kapital la ki genyen madanm yo, boubout yo, mennaj yo ke Claude Joseph ta sanble depoze nan yon seri pòs diplomatik san onè san ti mouchwà. Konsa, li enpòtan pou yon moun konpran pozisyon yon seri medya ki toujou sou pwent pye yo pou pwomote pwàtik diplomatik Bòs Djo a ki fini ak imaj peyi a lòt bò dlo.

Nap raple, Juste ta sanble kouzen Claude Joseph. Li se youn pami annafè yo ke Claude Joseph kouri revoke nan kàd yon parèy eskandal magogo lajan ak paspò kap trese lèl sou kote, san anbasàd la pa konnen; sepandan, minis lan ki pran djòb leta a kòm byen manman l ak papa’l te nome madanm Juste nan menm pozisyon an nan peyi Itali.

Iresponsab yo fè diplomasi a tounen yon rakèt ou imigrasyon klandestin. Yon pwàtik ki trè kouran se, fè deal ak konsène diplomat yo nan favorize yo pa janm retounen lakay sitou lè yo raple yo. Konsa, rete aplike pou TPS yon fason pou arive rete nan peyi ki genyen grès ak myèl kap koule.

Se pa pwemye fwà PHTK ap fè yon seri pwàtik kòripsyon kochmadez kap anfale yon bò nan peyi a. Yon ankèt serye ap kapab jistifye ki dega ak malpwopwete kap pase anndan espas sa yo ki bouri ak anpil antite ki pa menm fè klas retorik, alòske moun serye ki onèt ak konpetan ap mande si se nan rèv ke yo reyèlman ye!

Comments are closed.