Rektifikasyon ak presizyon Mèt Andalasse Mertilus sou tout rimè ki ta ka fè kwè li melanje nan zafè paspò a.

950

05-27-2023

Mwen rele Andalasse Mertilus, anpil zanmi ak fanmiy relem Andal, Me Anda, Anda, Me Andal. Mwen resevwa plizyè apèl, moun kap di yo tande moun kap plenyen pou koze paspò, epi yo site nonm. Ta sanble efektivman, gen yon sitwayen ki rele “Andal” kap fè ti afèl nan lòbèy paspò a.

Mezanmi tande byen, mwen gen 30 lane ap viv Pòdpè, mwen poko janm antre nan biwo imigrasyon an, menm jan gen yon pakèt lòt biwo piblik m pa janm antre nan yo, mwen kwè tout moun konstate sa.

Depi emoraji Nasyonal Biden nan, anpil moun te konn relem mandem sèvis. Mwen pa aksepte ankenn demand nan sans sa, paskem pap solisite sèvis ankenn ajan imigrasyon nan kontèks nou ye la a. Mwen mete yon ajan imigrasyon andefi pou li ta di li te wè’m nan imigrasyon oubyen rele mande sèvis.

Map presize pou tout moun, si nou tande yon “Andal” nan zafè paspò, se pa Andalasse Mertilus paske’m pa nan rakèt.

Me Andalasse Mertilus, Pòdpè

Comments are closed.