Premye Minis Garry Conille retounen nan peyia, aprè kèk jou vizit nan peyi Etazini

07 – 06 – 2024
Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) PM defakto Garry Conille rantre nan peyia, aprè plizyè jou vizit ak seyans travay nan peyi Etazini.
PM Garry Conille prezante senpati li bay tout moun ki te viktim nan pasaj ouragan Beryl la, ak tout fanmiy polisye ki kontinye ap tonbe anba bal bandi sangwen.
Nan kad bat bouch ak laprès nan salon diplomatik la, premye minis lan elabore sou 4 pwen esansyèl ke gouvènman lan ap kontinye travay pou reyisi tranzisyon an, kise :
1. angajman tout moun nan sosyete pou travay ansanm pou-n reprann desten nou nan men,
2. enstitisyon yo ki dwe ranfòse yon fason pou bay bon sèvis,
3. kijan nou pral travay nan tèt kole ak dyaspora yon eleman esansyèl nan fonksyonnman peyia,
4. sipò ak akonpayman kominote entènasyonal la anvè Ayiti.
4 eleman sa yo dwe jwe ansanm pou ede-n soti nan sa nou ye la, PM lan kontinye pou di yo pa vrèman santi ijans ki genyen bò kote kominote entènasyonal la nan sipò yap bay Ayiti. Gouvènman ak KPT ap travay daprè akò politik ak fèy dewout la, yon fason pou retounen nan pwojè Ayiti a.
Nan seri rankont dirijan Ayiti a ak kominote entènasyonal la, genyen chita ak bat bouch ki fèt ak gouvènè Bank Mondyal la, BID ak divès lòt ankò. Pandan gouvènman an prewokipe sou zafè ensekirite a, yap travay pou mete lekòl sou pye, mete sant sante sou pye, apezman sosyal la pou majorite popilasyon an ki nan gwo difikilte.
Soti Washington pou al New-York, PM lan rankontre tou manm konsèy sekirite ki se youn nan prewokipasyon gouvènman an. Dr. Garry Conille fini pou di, li kite New-York ak yon santiman travay akonpli paske rankont yo te vrèman benefik pou peyi Dayiti.






