Bandi sangwen ame kidnape Enspektè polis, Wilner Séraphin

338

01/03/21

Pòtoprens______(TRiboLAND) Zak kidnapping yo pa sispan moute balkon e touche tout kouch sosyàl nan sosyete ayisyèn nan. Jodi dimanch 3 janvye 2021 an, se tou pa Enspektè polis Wilner Séraphin ke 4 bandi sangwen ame ki pa idantifyàb kidnape nan ri Pave nan mitan kapital la, Pòtoprens.

Jiska prezan, kidnapè yo ta sanble poko fè eta de ranson an echanj liberasyon Enspektè polis la. Se yon zak ki pòte moun mande nan ki sa nou pran la! Menm moun ki di y’ap pwoteje e sèvi pa kapab pwoteje tèt yo. Se pa premye fwa sangwen yo arive kidnape chèf anndan yon peyi ki prale aladriv chak minut pase.

Enspektè Séraphin te kontone nan sou-komisarya Delma.

Comments are closed.