Ayiti/Krim: Yon enspektè polis asasine anba bal nan Kwa Dèboukè

203
0
Share:
TRiboLAND

Kwa Dèboukè__(TRiboLAND) Moun yo pa arive idantifye krible anba bal enspektè Hervé Mésidor, Samdi swa 5 Oktòb 2019. Selon sous polisyè, krim nan komèt nan vè zònn 6:00 p.m. nan Maren 24, komenn Kwa Dèboukè.

Enspektè Polis Hervé Mésidor

Nan Desanm 2008, Mésidor ki fè pwèv de yon polisye ekzanplè, te arive onore ou jwenn apwesyasyon bò kote inite sekirite pwezidansyèl (USP) sekirite general Palè Nasyonal (USGPN) pou fedelite li ak angajman nan inite a pandan 10 lane.

Enspektè Mésidor te yon manm Fanfa pale Nasyonal ki tap jwe wòl twonbonis. Ken am li repose nan lapè!

Share:

Leave a reply