Oken enstitisyon prive pa otorize fòme profesyonèl nan domèn “fanm saj” e “teknisyen medikal” nan peyi a.

777

02-26-2023

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Fòmasyon pou fanm saj ak teknoloji medikal se zafè Leta, li pa zafè enstitisyon prive, daprè sa otorite sanitè yo anonse atrav`e yon nòt avètisman jounen jodi dimanch 26 fevriye 2023 a.

Daprè ministè ki regle koze sante nan peyi a; oken enstitisyon prive pa genyen prewogativ bò kote Leta pou yo fòme yon seri profesyonèl nan yon seri domènn kle.

Kidonk, Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) atire atansyon yon seri òganizasyon entènasyonal sou yon parèy sitiyasyon, kote atravè nòt avètisman an, li envite konsène yo pou vizite website ministè a kote ke yo kapab trouve yon lis enstitisyon fòmasyon sante yo.

Comments are closed.