Chèf syantis NASA a pwedi ke jeep rovè yap voye sou planet Mas la ap jwenn tras “Lavi” nan entèval 2 lane

Ajans Espasyàl Etazini ansanm ak Ajans Espasyàl Ewopeyen yo tou 2 ap fè mannèv pou voye plizyè jeep rovè ale fè legetè pou dekouvwi Lavi sou Mas ane pwochen.
ExoMars jeep rovè ESA a, ki pote non Rosalind Franklin apwè Anglè ki te pwemye parèt ak ADN, gen pou li fouye yon twou 3 mèt nan sufas planèt Mas la yon fason pou kolekte echantiyon ki rele regolit. Echantiyon sa yo ap gen pou analize pou detekte tras “Lavi” apati laboratwa mobil Rosalind la ki gen pou pwan apepwè plizyè semen oubyen mwa pou ateri.
Pandan tan sa, rovè MAS 2020 NASA a gen pou li fouye tou yon twou nan yon seri wòch sou Planèt Wouj la epi kolekte echantiyon. Konsa, olye ke yo analize echantiyon sa yo nan situ (lab), echantiyon sa yo ap pwefere retounen sou Latè pou ekzaminasyon. Se pwemye fwa yon sibstans materyèl ap soti nan Mas pou rive sou Latè.
Nan yon entèvyou li bay sou Sunday Telegraph, Doktè Green deklare, ke misyon yo ap fini pa reponn kesyon ki chita sou: eske nou se sèl èt ki egziste nan inivè? “Se pwàl yon gwo revolusyon,” dapwè Doktè a. “Se pwèske menm bagay lè Kopernik te konfime ke se nou menm kap vire tout otou Solèy la. ”Se konplètman revolusyonè. Sa pwàl debi de yon nouvo fason pou moun panse.” Sepandan, Doktè Green ajoute, li kwè limanite petèt poko pare pou jan rezilta sa yo.






