Otorite imigrasyon Dayiti yo genbe yon endividi ak zam e dwonn nan Èpòt Tousen Louvèti

0 458

Madi 12 Novanm 2019

Pòtopwens__(TRiboLAND) Ajan Brigade Lut kont Trafik Dwòg arive mete men sou yon endividi ki tap bat pou twonpe vijilans ajan imigrasyon yo nan Èpòt Tousen Louvèti apwè midi Madi 12 Novanm lan.

Konsa, li te vè 2 zè lòske otorite imigrasyon te fè apèl ak BLTS ki pat pwan tan pou te sispèk la kit e genyen nan malèt divès zam ak dwonn. Sous TriboLAND pa finn kwè ta fè eta de yon ansyen retrete militè ameriken orijinn ayisyen, alòske otorite imigrasyon yo poko ka twouve plis enfòmasyon detaye sou vrè idantite.

Lòt sous fè eta awoganse endividi sa abò yon vòl AA nimewo 949 ki tap kite Miyami pou Pòtopwens kote ke mesye sa ta sanble dezoryante.

Kidonk, pandan moun ap kesyone fason endividi sa arive kite èpòt Etazini pou rive ak zam anndan èpòt Tousen Louvèti, nan moman sa li anba gwo entèwogasyon sou lobedyans DCPJ.

Leave A Reply