SOUDAN: Plizyè milye moun mande demisyon vite e prese Pwezidan Omar al-Bashir

0 291

SOUDAN__(Triboland) Lapolis Soudan voye gaz lakrimojèn sou plisyè milye pwotestè ki kanpe an bandisyon deyò direksyon jeneral lame-a pou yon dezyèm jounen e yo di militè yo ede yo lague koukou rouj dèyè Pwezidan Omar al-Bashir.

Pwotestatè yo tap chante “Soundan leve kanpe, Lame-a leve kanpe”. Yon latriye foul moun te mase nan capital-la, Khartoum  devan yon residans ofisyèl Bashir ak ministè defans lan. Anpil nan moun sa yo te oblije pase yon nwit blanch, dapwè plizyè temwen. “Nou pap fè yon pa kita yon pa nago jiskaske li kwaze yon kite sa,” se sa Osama Ahmed, yon manifestan deklare.

Pandan ke Pwezidan Bashir ap reyini ak konsèy sekirite-a, pèp souveren te kontinye san rete ap chante ak slogan piman bouk devan batiman an. Mesye Bashir ki pa inyore ke manifestan yo fè pati gwo kominote Soudanèz la, swete wè ke visyon ak egzijans mass popilè-a respèkte, dapwè yon nòt piblik ke biro pwezidans fè sòti.

Òganizatè manifestasyon yo te fè chwa 6 Avril pou kòmanse leve kanpe-a devan direksyon jeneral lame-a ki make leve kanpe 1985 yo kòm yon dat kit e voye al bwa chat rejim pwezidan Jaafar Nimeiri-a.

Leave A Reply