Avèk apwi lòt otorite iresponsab, Majistra Josue Alusma kontinye ap voye pye nan vil Pòdpe

0 571

PÒDPE__(TRiboLAND) Li pa etone pèsònn moun ke swadizan Majistra Pòdpe-a, Josue Alusma refè-l ankò nan mwens pase 3 mwa depi li soti nan maron! Li kontinye ap tire pye nan dives katye nan site Kapwa Lamò-a. Arogans avèk pwovogasyon sa yo kapab debouche pa trò lontan sou yon violans ke gwoup gang Moncheri ki akonpanye-l pap kapab reziste.

Atitud enkonpetans, medyokrite, e kriminèl swadizan Majistra Josue Alusma kontinye-a ap afiche toujou nan figi moun, pa lòt bagay sinon ke yon benediksyon ke li jwenn bò kote majòjon chèf polis depatmantal-la ki chwazi fèmen je-l sou konpòtman revòltan gwoup sekirite gang kap pwovoke e mache fè dap piyanp sou kabrit malere nan vil-la sou pretèks ap mete lòd. Dapwè, viktim yo, Josue pran kabrit malere yo onon leta, alòske li fè tranzaksyon ak kabrit yo; e moun ki manje kabrit sezi yo, pa sispann vinn pwovoke victim yo. Kidonk, yo estime se swen yap swen kabrit pou Josue ak gwoup gang Moncheri-a.

Ayè Mèkredi-a, moun pa ka imajine ke Majistra-a enplike ankò nan yon lòt deblosaj kote ke te gen gwo tire nan ri lopital, vil Pòdpe. Gwoup gang Moncheri-a, ki gen alatèt li Josue kap simen panik e terorize yon lòt fwa ankò popilasyon an, demontre li gen anba men-l tout otorite vil-la. Yon bagay ki pa etone pèsònn!

Anpil moun estime ke ansyen divis-la peye gwo lajan pou fè sa lap fè la, yon benediksyon li jwenn tou bò kote Komisè gouvènman an ki te trè aktif nan kanpay electoral li. Konsa, li enpòtan pou ta genyen bon jan ankèt ki fèt sou konpòtman iresponsab ak lèse ale ke 2 antite sa yo afiche fas a dènye konpòtman endezirab Josue, yon swadizan Majistra ki trè esteril an konpetans e ki kontinye ap anvlime violans ak yon pwofil vwayou yon lòt fwa ankò nan Pòdpè.

Se sèten, nenpòt ki lòt moun ki ta mouri ankò anba bal oubyen foli Josue oubyen anba bal gwoup gang li-a, nap bay tout antite sa yo responsab. Dayè! Si te genyen yon minimum jistis avèk karaktè moral e pat genyen tròp mizè, bagay ki rele Josue-a pat kapab ap mache sou moun oubyen jwenn apwi lòt responsab tèt fèb pou kontinye irite e menase pou fè kriye yon lòt fwa ankò moun Pòdpe.

Jacob Bendallahm, Triboland

Photo sources: ZONE 509 Haiti; loophaiti.com

Leave A Reply