Miyami: Ouvèti yon 7èm restoran “Chef Creole” nan Stadium Hard Rock

0 403

Samdi 9 Novanm 2019

Miyami__(TRiboLAND) Konpayi restoran byen koni nan Florid “Chèf Créole,” ouvwi yon 7 èm lokasyon nan Miami Gardens nan Florid Vandredi 8 Novanm 2019 la. Restoran sa ki plase nan santyèm seksyon Stadium Hard Rock la ki nan Miami Gardens, baz fanatik  ekip foutbàl ameriken an, Miami Dolphins.

Chef Kwizinn ou Pwopwiyetè konpayi Restoran “Chef Creole”

Seremoni douvèti-a ki te genyen pwopwiyetè konpayi-a, Wilkinson Sejour, yon chèf kwizinn selèb ki gen yon renome inkontestab, te akonpanye divès pèsonalite selèb ki tap ede-l nan seremoni koupe riban an ki te fèt anndan Hard Rock Stadium nan, yon plas ki ka pwan 65, 326 moun.

Mesye Sejour ki se yon Ayisyen-Ameriken pa sispann mete kwizinn ayisyènn an valè e dote li yon dimansyon otantik ak klasik, te kontan pou pwosede ak ouvèti yon lòt restoran ki pwal pèmèt fanatik Miami Dolphins savoure mèyè resèt ayisyen soti sou pla kebèf rive sou salad lanbi.

Leave A Reply