Pwotestasyon ajan SPHN yo okazyone divès cha kanaval bwile nan estad Silvyo Cator

0 427

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan lide pou reponn ak desizyon Wo Kòmandan PNH la ki deside depoze plizyè ajan SPNH ke yo kalifye kòm moun kap dezonore enstitisyon PNH la e ki atake divès byen piblik, yon bon valè polisye kap revandike dwa pou yo fòme tèt yo an sendika pran beton an san zatann jodi Mèkredi 19 Fevwiyè 2020.

Apa divès kote ke yo bloke ak gwo machinn nan kapital la tankou z, yo arive detwi anba dife divès char kanaval nan parking Estad Silvyo Cator. Yon zak pou anpil moun ki gen pou wè avèk desizyon gwo otorite PNH yo te pran yè Madi 18 Fevwiye pou revoke kòdonatris SPNH, Yanick Joseph ak plizyè lòt gwo alatèt nan mouvman Sendike kap boujonnen anndan enstitisyon sa.

Nap raple mouvman tèt chaje polisye yo jodi a, bwile rap ye tè kabinè Mèt Samuel Madistin, ki se yonn nan moun ki pat wè byen yon evantyèl sendika nan enstitisyon PNH la.

Leave A Reply