Yon jènn gason ki touye papa li Santyago gen pou pase 30 lane dèyè bawo

173
0
Share:
TRiboLAND

Se ayè Mèkredi swa 2 Oktòb 2019 la ke Jij Tribinal Katryèm Kolèj Santyago yo pwononse santans Joel Rodriguez Cruz ke yon jwenn koupab nan lanmò papa li Alejandro de Jesus Rodriguez, biznisman, kontraktè municipal, lidè politik Pati Revolusyonè Dominikènn (RPD) ki te mouri anba bal an Fevwiye 2018.

Koupab la ki gen pou pase 30 lane nan pwizon, ap gen pou peye tout depans legal yo ki gen pou wè avèk pwosès jisdisyè-a. li pwal pase tout tan li nan Rafey Men’s Correction and Rehabilitation Center.

Kidonk, Pwosekitè piblik la melanje avèk avoka ki tap pouswiv koupab la, deklare ke Joel te tire papa-l nan kou anndan yon apatman kote ke yo tap viv ansanm nan yon rezidans ki rele Vista Real de los Cerros de Gurabo III, nan zònn nò. Yo mete dakò ke Joel komèt krim nan akoz papa li ki te konplètman retire-l nan administrasyon plizyè konpayi kote ke li tap pwan lajan tanzantan nan biznis yo.

Avoka Joel yo deklare ke yo pwal nan Lakou Dapèl, alòske Jij Acacia Reyes rapòte ke santans ap delivwe 23 Oktòb kap vini la; 2:00 p.m.

Share:

Leave a reply