Ajan BSAP yo mete anba kòd 6 prezime bandi nan depatman Sant peyi a

171
0
Share:
TRiboLAND

11 – 10 – 2026

Depatman Sant, Ayiti ____(TRiboLAND) Ajan BSAP yo nan zòn Betis ki twouve li nan depatman Sant peyi Dayiti, mare kou krab 6 prezime bandi kriminèl aprèmidi 09 novanm 2026 lan.

Aksyon sa a rive, se nan moman prezime gang malfwa yo t’ap tante kite kapital la pou yo te al kache nan vil pwovens yo, akoz gwo chalè dife volan kap manniganse swit ak yon seri operasyon fòs lòd ayisyen yo nan tèt kole ak fòs represyon gang yo (FRG), epi sòlda Sovèlele yo.

Anpil moun ankouraje fòs lòd yo pou devlope yon pi bon pwoksimite ak popilasyon an, yon fason pou enfòmasyon kapab rive atan; enfòmasyon sansib ki pou anpeche gang yo kouri pran refij nan yon seri seksyon kominal nan vil pwovens yo.

Share:

Leave a reply