Komemorasyon 86 lane Masak Kout Kouto, gouvènman diktatè sanginè dominiken te fèt sou ayisyen sou Rivyè Masak la

1,126

09-30-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Plateforme Genres du Nord-Est (PGNE) nan tèt kole avèk Komite kap jere travay kanal irigasyon sou rivyè masak la deside komemore 86 lane masak kout kouto ane sa a nan espas kote kanal la ap konstri a.

Pou demare aktivite yo, responsab yo anonse yon konferans deprès Dimanch 1er Oktòb la sou kanal la, epi 3 jou sansiblizasyon nan plizyè lekòl nan sant vil Wanament pou eksplike timoun yo enpòtans kanal irigasyon an genyen pou Plèn Maribawou epi raple yo ki sa Masak Kout Kouto a ye.

Masak 1937, se moman ki rete grave nan memwa tout ayisyen, kote yonprezidan dominiken manyak nan epòk la, Rafael Leónidas Trujillo Molina te pase lame dominikèn lòd pou asasinen tout ayisyen ki tap travay nan plantasyon lakay yo. Listwa ki kite anpil sikatris babar nan konsyans limonite, revele lame dominikèn lan te touye ant 20 mil jiska 35 mil Ayisyen soti 2 pou rive 8 òktòb 1937.

Komemorasyon Masak Kout Kouto sou kanal la se deja yon siyal klè ki montre kèlkeswa jan sa ye kanal la pap kanpe.

Comments are closed.