OEA deja vize nan rada li, yon nich kandida elektoral ki genyen bonjan ramifikasyon avèk gang

TRiboLAND.com 09/11/2026
Yon makònn kandida ki mare sosis yo avèk gang anndan peyi Dayiti, anba rada Òganizasyon Eta Ameriken yo, si nou ta vle kwè nan sa ki soti nan bouch sekretè jeneral òganizasyon OEA a, Albert Ramdin.
Responsab OEA a fè deklarasyon sila, nan moman li tap rankontre ak laprès. Mesye Ramdin deklare ke genyen kolizyon ant aktè politik ayisyen yo avèk gang yo nan peyi Dayiti. Li ale pi lwen pou li di ke li te menm mande otorite ayisyènn yo pou yo pran yon seri dispozitif ou byen baliz ki kapab etabli yon seri regleman ki pou anpeche kandida ki nan danse kole ak gang yo mache pòs yo.
Albert Ramdin rabat pou li di, jiska koulya, pa genyen oken otorite ki menm bay yon repons klè sou rekèt li a. Konsa, nan sans sa, kèk kritik ta menm vle fè konpran ke kandida reselè ki ap pyafe ou gagote nan antouraj pouvwa Didier Fils-Aimé a, pap ka pa alinye nan lis atoufè ki ta nan danse kole ak gang e ki pa kalifye ase pou patisipe nan pwochèn eleksyon yo, selon sa Albert Ramdin ta vle fè konnen.
Atouka, ajoute ak lòt residivis politisyen ayisyen ki te deja anba sanksyon Inyon Ewopeènn, Kanada, LONI ak Etazini; pa genyen dout anpil nan yo kapab figire anba rada OEA a, kòm grenn senk ki genyen ramifikasyon avèk gang.






