Kòdonatè MOREP lan nan vil Tigwav, Denisca Casimir lanse apèl bay otorite konsène pou repare yon traktè ki an pann depi plis pase yon lane

752

04 – 13 – 2024


Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Kòdonatè mouvman renesans Tigwav la (MOREP), Denisca Casimir nan yon interview li akòde ak la près aprèmidi samedi 13 avril 2024 la, lanse apèl bay otorite konsène yo nan vil Tigwav pami yo: travo piblik, lameri pou mete tèt yo ansanm pou rive repare yon pèl traktè ki an pann depi plis pase yon lane akote Rivyè Ladig la.

Pou responsab MOREP la , se yon materyèl ki tou nèf ki an pann pou sèlman enjeksyon ak altènatè; materyèl sa a la, pou kire Rivyè Ladig an pèmanans yon fason pou evite inondasyon lakay popilasyon an.

Ala tèt mouvman renesans Tigwav la, Denisca Casimir deklare chak fwa abitan yo wè tan an mare nan tèt mòn nan, moun nan zòn pon Ladig, ri Benwa ak Fonfab ap domi ak yon je louvre, yon je fèmen pandan-l fè konnen nou deja 13 nan mwa avril la, alòske se yon mwa ki bay anpil gwo lapli ak gwo van.

Comments are closed.