Avan lontan konpayi “Sunrise Airways” ap sou wout ayeryèn peyi Dayiti a

1,208

11-25-2022

TRiboLAND_____Nan yon nòt ke “Air Journal” mete deyò, konpayi “Sunrise Airways” ap gen pou lanse vòl pawesaj sou wout ayeryèn paeyi Dayiti a. Segman operasyonèl dirèk sa yo pral fèt ant Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti ak Gwadloup e Matinik apati 18 desanm 2022 a.

Anfen, se yon bon nouvèl pou vwayajè ki te genyen kontrent ou difikilte nan pran koneksyon ayeryèn nan kad aktivite antre sòti ak peyi Dayiti. Vòl pawesaj yo fikse inimank pou chak lendi, daprè “Air Journal” ki tap depoze.

Comments are closed.