Mèt gang yo soti pou diskrimine mouvman Sovèlele (Nayib Bukele) a ki ta kòmanse bay yon vrè boujon lespwa

100
0
Share:
TRiboLAND

11/10/2026

Jimmy Elinor

Ki kote latriye òganizasyon sangwen ou kriminèl sa yo te ye, lè gang parèy yo tap detripe ou ekstèmine popilasyon ayisyèn lan; ki kote antite malpouwont ou sanvègòy sa yo ki nan gwo komès avèk gang yo te ye, lè san manman parèy t’ap mete dife sou moun, boukannen yo e manje yo an piblik? ki kote dechè sa yo te ye, lè gang mikwòb tap vyole elèv lekòl e touye yo e ale lage yo sou pil fatra? Se kesyon sila anpil moun tèt dwàt ak anpil sitwayen ayisyen ki viktim anba gang ap poze jounen jodia.

Abominasyon! Abominasyon! Se yon odas ki depase mezi e ki dwe mete plis detèminasyon lakay chak grenn ayisyen ki pa genyen peyi derechanj e ki kwè ke yo genyen dwà pou viv, menm jan ak nenpòt ki pèp. Nan sans sa, li plis ke yon devwa, yon pasaj oblije pou pèp ayisyen fwa sa fè yon bon leve kanpe, pandan l’ap kore ou bay jarèt mouvman Sovèlele (Nayib Bukele), ki soti pou tout bon, retire peyi Dayiti nan agoni inedi sila.

Mouvman Sovèlele a, pap fout kanpe sou oken fòm; sinon ke, gang sapat ak kravat yo ki soti pou ekstèmine sosyete ayisyèn nan pral masakre tout peyi a aprè yon parèy echèk. Li plis ke enpòtan pou popilasyon viktim lan, kore mouvman peyi Salvadò a, ki klèman montre yo konprann lanfè pèp ayisyen an, ki vann anba grif pwòp dirijan ou politisyen gang; ki jounen jodi a, yo remake yo pwèske rive sou yo. Viv Sovèlele! Viv Sovèlele, Viv Sovèlele! Anba kominote entènasyonal ki kenbe Ayiti anba yon latriye foulay ak konplo vyolans kriminèl pou ekstèmine sosyete ayisyèn lan depi yon latriye deseni.

Anpil nan antite kriminèl entènasyonal reyalize pou tout bon ke Salvadò ta sanble detèmine pou koupe sous finansyè yo atravè gwoup gang ame anndan peyi a, pwoblèm janboral pran yo. Anplis, sous apwovizonnman yo, se gang ki alimante li. Yo fè lajan ak gang, gang vòlè e kidnape pou yo, gang kreye dezòd ou gate eleksyon pou yo, gang kreye pètibasyon pou yo yon fason pou l’ONU kapab toujou jwenn lajan pou swadizan sekirize Ayiti. Sa nou pa pale, de yon seri gwo komès zam ak yon seri gwo konpayi amerikèn nan tèt kole ak sendomeng ki pa sispann founi gang yo zam venn kat sou venn kat. Jounen jodi sila, tout enterè kriminèl sa yo menase avèk yon Sovèlele ki konprann ki sa ki vrè koz doulè pèp ayisyen an, ke oken lòt pèp pa janm sibi sou planèt la. Anpil sitwayen ayisyen konfime, pou sa yon pran anba men gang sapat ak kravat; li te mèt te sante ki te antre nan jwèt la pou montre ke pèp ayisyen merite menm tikal lavi ak dinyite, yo tap toujou akeyi li avèk kontantman san gade dèyè!

Antouka, aparisyon Salvadò nan kare senmèt politisyen ak sèktè kriminèl entènasyonal yo, fè anpil gang estomake; yo tèlman pèdi kontwòl tèt yo, yo ap itilize zèl kat “Tèritwà Jan Jak Desalinn” lan kòm kouvèti pou defann enterè gang yo san gade dèyè. Aloske, se yon gwoup dechè kap touye pitit Desalinn sou menm tèritwa Desalinn lan!
Yon parèy batay, pap fasil pou Nayib Bukele, si li pa genyen sipòt jarèt masiv popilasyon ayisyèn lan. Pwesyon ou atak sou tout gang, dwe kontinye san manke yon yota! Se yon devwa sakre pou tout ayisyen ki viktim anba men gang tout kalite, rele ABA tout kriminèl sangwen ou san sal kap fè lajan avèk gang.

Anpil antite annafè, k’ap viv anba kriminalite gang yo, tou senpleman vle diskalifye mouvman salvadoryen an, sou pwetèks li dwe genyen plis kòdinasyon ak yon akò ki ankadre deplwaman twoup Sovèlele yo, si nan objektif pou kreye enfiltrasyon, yon fason pou fè mouvman an echwe e ki kapab fasilite retrè fèt pou sove gang yo. Se pa premye fwa l’ONU bat bravo pou gang yo nan peyi Dayiti.

Ke tout òganizasyon kriminèl sa yo kap detwi Ayiti e fè lajan sou do peyi a, plonje nan tèt dwàt nan lanfè pou letènite! Ke pèp ayisyen an leve kanpe e pran desten li an men!

Share:

Leave a reply