Moun nan abitasyon Ba Mòn Tapyon, komin Tigwav tanmen yon kanpay netwayaj nan okazyon fèt Senterèz.

09 – 23 – 2024
Tigwav, Ayiti ___ TRiboLAND) Peyizan nan abitasyon Ba Mòn Tapyon 12èm seksyon Dèfoug komin Tigwav tanmen yon gro sòlòkòtò netwayaj maten lendi 23 septanm 2024 la, nan okazyon selebrasyon fèt Senpatwòn yo, Senterèz nan dat mèkredi premye oktòb kap vini la a.
Objektif kanpay netwayaj ki chita sou mete lapwòpte, plis chita sou angajman sitwayen angaje yo ki vle mete frechè pou pèleren yo nan okazyon fèt Senpatwòn yo Senterèz. Abitan yo ki deklare malgre yo adrese yo korespondans bay lameri ak biwo kazèk la, yo pa di yo ki mò ki touye lanperè; se yo menm ki aranje yo antre yo pou yo jwen materyèl pou yo fè pwòpte nan zòn nan.
Toutfwa peyizan yo ki twouve yo nan gwo difikilte; yo fè konnen yap fete nan kè pa kontan ak bouch pa gou akòz ensekirite, lavi chè, grangou mizè tou kalite mete sou sa, sèvis debaz yo pa rive sou yo nan yon abitasyon ki genyen pli pase 10.000 kretyen vivan.






Felisitasyon ak moun sa yo ki konnen yo pa bezwen konte sou leta pou tout bagay
Triboland la tortue montry
Se yon trè bèl inisyativ.
Fondation Triboland Mombin-Crochu