Eleksyon nan Bawo Pòdpe a, Mèt Rolin Vilsaint eli Batonye ak 107 vwa

09/26/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Mèt Rolin Vilsaint eli nouvo Batonye Bawo Pòdpe a, aprè li ranpòte eleksyon an ak 107 vwa kont 47 pou Mèt Jean Sylien Métayer. Eleksyon an, ki te dewoule nan yon atmosfè chaje ak tansyon ak mobilizasyon bò kote patizan de kandida yo, te fèt aprè ranvwa ak kontestasyon. Eleksyon ki te prevwa pou 18 septanm lan pa t kapab dewoule akoz kantite avoka ki te prezan an pa t rive bay kowòm ki nesesè a. Se finalman, nan kad yon nouvo asanble jeneral, daprè dispozisyon ki pèmèt Batonye sòtan an Mèt Edler Louima reyalize pwosesis elektoral la, ki abouti ak viktwa Mèt Rolin Vilsaint.
Nouvo Batonye eli a pral dirije Bawo Pòdpe a pou yon manda de lane, ki dwe kòmanse apati dezyèm lendi mwa oktòb 2026 la. Mèt Rolin Vilsaint, ki te deja sèvi kòm Sekretè Bawo a pandan de manda, mete aksan sou relasyon travay li te toujou genyen ak avoka yo, ansanm ak disponiblite li pou akonpaye yo nan divès sèvis, kit se nan kabinè li, kit se nan Batona a. Nan premye deklarasyon li yo aprè eleksyon an, li pwomèt kontinye sa ki te pozitif nan administrasyon anvan an, pandan l ap pote chanjman li estime ki nesesè yo atravè kolaborasyon ak sipò tout avoka yo. Li mete tou fòmasyon nan mitan priyorite li yo, sitou pou Elèv-Avoka yo, li raple travay li te deja reyalize pandan kat lane nan direksyon Lekòl Bawo a pou akonpaye yo atravè fòmasyon ak sesyon mizajou anvan yo rive nan etap prestasyon sèman.
Nan lòt eleksyon ki te fèt yo, Mèt Jean Eder Moreau, ki te deja okipe fonksyon trezorye a pandan de manda, eli pou yon twazyèm manda, li menm ki te sèl kandida pou pòs la. Mèt Frantz Robert Jean, ki te sèl kandida pou pòs Sekretè a tou, eli pou yon manda de lane. Pou Konsèy de Lòd la, Mèt Job Louis eli kòm sèl kandida, pandan komisyon elektoral la anonse li pral òganize, nan yon delè ki pa twò long, eleksyon pou konplete rès manm Konsèy la. Eleksyon sa yo make yon nouvo etap nan lavi Bawo Pòdpe a, apre de manda Mèt Edler Louima nan tèt enstitisyon an. Avoka yo espere nouvo ekip la pote kolektif la pi lwen epi swete Mèt Rolin Vilsaint bon travay pandan tout manda li a.






