Jeremi pèdi yon potorik gason kise pwofésè Chenet Despeines.

553
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pandan jou sa yo, bouch pa gou nan Jeremi, genyen apil pèsonaj enpotan ke lanmò pase pwan nan komin nan, se ka pwofésè Chenet Despeines, direktè popwietè fondatè Kolèj Kriswa, fondatè Eskout Dayiti nan Jeremi, òm dafé alafwa ansyen direktè Kolèj Sakrekè ki mouri weekend lan lakay li.

Daprè temwayaj manm popilasyon an nan Jeremi, pwofésè Chenet Despeines, pat senpleman yon edikatè ki fòme plizyè jenerasyon, men sete yon notab itil nan sa Jeremi genyen kòm enfwastrikti kiltirèl. Li te youn nan manm sosyete sivil òganize a, ki te patisipe nan demach pou te kolekte fon pou konstri Foye Kiltirèl vil Jeremi ke legliz katolik ap dirije jounen jodi a.

Vil jeremi pran yon gro ki mete tout pitit komin nan nan chòk. Konsa, TRiboLAND swete fanmiy gro potorik mapou sila, bon kouraj e yon “Bon Travèse” pou nanm Chenet Despeines, ki te yon pilye responsab nan domèn edikasyon nan vil Jeremi.

Share:

Leave a reply