Direksyon Jeneral OAVCT nan Pòtoprens, revoke pou kòripsyon 2 anplwayè nan biwo rejyonal Pòdpè a.

778

08-05-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Bri kouri nouvèl gaye! Direksyon jeneral Office Assurances Véhicules Contre Tiers (OAVCT) nan Pòtoprens, pouse do 2 anplwayè, nan biwo rejyonal OAVCT Nòdwès la, pou tèt dwèt yo ta tranpe nan zafè kòripsyon.

Pantan sou nouvèl kòripsyon an, nan mache fouye zo nan kalalou korespondan TRiboLAND yo al dekouvri yon resi ki chaje ak madjigridji, kote Anderson Myrtilles nan tèt kole ak akolit li, ta ogmante taks sou machin Evèk la ki te vin fè yon asirans nan biwo rejyonal Pòdpè a.

Mekontan kont sèvis malatchong 2 anplwayè koriptè yo, Evèk la pat rete bwa kwaze ak bouch be devan gwo derespektan sila, ki ta pral debouche sou revokasyon 2 anplwayè raketè sa yo ki te toujou ap koupe rache nan biwo rejyonal OAVCT Pòdpè a.

Li enpòtan pou konnen, biwo rejyonal OAVCT Pòdpè a, jiska prezan ap fonksyone san direktè, akòz direksyon jeneral ta pral revoke nan mwa ki sot pase yo, direktè kite la a, pou menm ti defo sa yo, ki se, fè 6 tounen 9.

Comments are closed.