Kantite lapli k ap tonbe san kanpe sou depatman Nòdwès la, reprezante yon menas pou abitan yo.

869

01 – 25 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nòdwès ap tranpe chak jou ki jou! Sòti nan zòn Ba-Nòdwès pou rantre nan metwopòl Nòdwès la, ki donk, vil Pòdpè, se yon kaskèt chinwa akòz volim lapli a ki pa sispann, pandan plizyè jou sou depatman Nòdwès la.

Yon sityasyon ki vin mete klou sou absè, kreye gwo panik lakay abitan ak pasajè yo akòz sityasyon twonson wout Pòdpè – Jan Rabèl la ki pwèske pa egziste, men ki vin plis egzajere menm pou pyeton yo, pou nou pa di pou motosiklèt ak machin yo.

Pou amelyore sityasyon moun Ba-Nòdwès yo, plizyè chofè taksi ki te pale ak korespondan TRiboLAND yo mande ak enstans konsène yo tankou, direksyon Travo Piblik branch Nòdwès pou fè yon entèvansyon pwese pwese.

Comments are closed.