Fineray jounalis Wilner Altidor chante aprè anpil peripesi nan maladi

945

06-01-2023

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Antèman jounalis Wilner Altidor, ekriven, piblisitè ki te mouri sou kabann lopital dimanch 21 me dènye a, chante jounen jedi premye jwen an nan legliz Nòtredàm Asanpsyon Wanament.

Jounalis la ki te rann dènye souf li nan lopital Sakre kè Milo aprè yon bon bout tan peripesi ap soufri avèk yon maladi, te genyen 53 rekòt. Se avèk dlo nan zye zanmi, fanmiy, konfrè depatman Nò ak Nòdès yo tap asiste antèman lejand sila ke komin Wanament lan pèdi.

Ekriven Wilner Altidor ki se te yon lejand nan mond jounalis la pou rejyon Nò ak Nòdès, te fè prèv li nan radyo-difizyon. Avèk yon seri emisyon bèl longè, Altidor te enpoze li sou plizyè frekans avèk yon seri seyans emisyon ki esplike reyalite popilasyon an ap viv chak jou ki jou.

“Lè’m mouri pèson pa dwe kriye, se bwè tafya, epi al antere’m anba ti pye kowosòl la nan abitasyon papa’m nan Pilat”, sa se dekalrasyon defen jounalis Wilner Altidor. Ke nanm li repoze nan lapè etènèl!

Comments are closed.