Peyi Ekwatè ap fè fas ak yon seri gwo gouf ou efondreman teren ki kreye panik ak lawouli

3,050

12/27/2021

Kito____(TRiboLAND) Gouf oubyen efondreman teren pa sispan fè pale de yo atravè lapwès nan peyi Ekwàtè san rete. Fenomèn sa ki genyen yon pòte katastwòf natirèl, ap bwàse bil peyi a depi lane 93 e fè remake li nan pwèske 22 jiska 24 pwovens.

Ayè mèkredi a, otorite yo resanse destriksyon yon wout ak yon demi douzèn rezidans nan yon vilaj ki rele Chimbo. Yon parèy aktivite kè sere, te manifeste nan mitan lanwit e kreye anpil panik nan mitan popilasyon an.

Kritik yo pa manke lonje dwèt jouda sou aktivite moun ap fè nan sakaje ou detripe anviwonman an ak tout yon seri de travay souteren ak esè siyantifik. Konsa, eboulman ou efondreman teren sa yo koze pou rezon natirèl, gwo manman lapli, efondreman gwot anba tè e latriye. Pafwa, genyen nan dolin yo ki genyen dimansyon yon teren foutbòl.

Sa pa genyen 2 semèn depi yon kantite kay ak lekòl efondre nan yon lokalite ki rele Zaruma, yon vil ki bati sou 50 kilomèt tunèl ke moun ki abitye ap fouye pou chèche lò anbachal kreye.

Deblozaj efondreman, gouf ou dolin, pa sispan ap repete nan peyi Ekwàtè e bay popilasyon an anpil lawouli ak panik. Depi nan kòmansman ane 2021 an, otorite yo resanse apepwè 93 efondreman teren; alòske nan ane 2020 an, yo te anrejistre 59 e 74 pou ane 2019.

Comments are closed.