Sove Nòdwès kontinye ap miltipliye Pòdpè pou vin ede nan ranmase fatra nan vil Pòdpè

808


05 – 06 – 2024

Miami, Etazini____(TRiboLAND) Moun nan Nòdwès kap viv nan Etazini kontinye ap panse ki jan yo kapab bay plis konstribisyon nan zafè ranmase fatra Pòdpè ak zòn ki nan antouraj chèf lye depatman Nòdwès la, yo menm ki reyini an òganizasyon sou non Sove Nòdwès.

Daprè sa yo ekri sou paj Facebook yo pou anonse aksyon yo, ki se : “Nap fè efò pou nou gen plis ekipman pou nou netwaye Pòdpè, ak zòn ki sou kote-l yo”. Dirijan Sove Nòdwès yo pa fèmen pòt pou lòt moun ki ta vle pote sipò yo.

“Nou bezwen moun ki vle pou imaj Pòdpè chanje, yo dwe fè yo manm òganizasyon an”, dapwè yon responsab òganizasyon an. Kotizasyon an se $ 20 US chak mwa, yo kontinye pou di, se ak kotizasyon sa yo peye anplwaye e fè sèvis nan machin ou ekipman yo. Yon lòt kamyon anplis kap gen pou rive Pòdpè apati 22 me 2024. Sa pral fasilite elajisman sèvis pou popilasyon an.

Estrikti deja pran divès mezi nan lage koukouwouj dèyè fatra, malgre anpil fwa yo jwenn anpil difikilte bò kote otorite lokal yo. Aprè yon kamyon ak plizyè kantonye yo genyen kap ranmase fatra nan chak zòn nan vil Pòdpè, Sove Nòdwès sou wout pou voye yon lòt kamyon ankò.

Se yon gwo pwen yo make nan nivo entènasyonal la, daprè plizyè moun kap swiv aksyon yo aletranje e nan peyi Dayiti. Anpil moun Pòdpè pa sispann bat bravo pou Amicy Clavaroche, Jean Marie Vital ak tout lòt manm Sove Nòdwès yo ki toujou panse ak lakay ki se lakay!

Comments are closed.