Lapolis arete Osvaldo Mardy nan Jakmèl pou chantaj seksyèl ak menas sou entènèt

72
0
Share:
TRiboLAND

09/26/2026

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Sèvis Biwo Fanm ak Gason Polis Sidès la (BFPG) anonse arestasyon Osvaldo Mardy, yon sitwayen ki abite nan zòn Wout Zoranj, nan vil Jakmèl, pou swadizan zak chantaj seksyèl ak menas sou entènèt. Daprè Direksyon Kominikasyon PNH la (DIKOP), sispèk la te itilize rezo sosyal, patikilyèman TikTok, sou non Marjorie Toussaint, pou fè chantaj sou yon fanm ak mari li.

Daprè enfòmasyon PNH la bay, pou mete presyon sou viktim yo, Osvaldo Mardy ta itilize foto ak videyo entim li te genyen sou moun yo, epi li ta voye menas pou pibliye materyèl sa yo si yo pa t satisfè demann li yo. Kominikasyon Polis Nasyonal la fè konnen pratik sa yo te fèt atravè sèvis tankou Mon Cash, BNC ak transfè elektwonik. Aktivite sa yo ta kòmanse depi lane 2024, pandan sispèk la admèt li te deja resevwa yon montan ki evalye ak preske 1 milyon goud, malgre sa li ta kontinye fè presyon sou viktim yo.

PNH la pwofite raple popilasyon an enpòtans pou denonse nenpòt zak chantaj, menas ak vyolans seksyèl, sitou lè yo fèt atravè mwayen teknolojik ak rezo sosyal. Otorite yo ankouraje moun ki viktim oswa temwen kalite zak sa yo pou chèche asistans epi rapòte ka yo bay sèvis konpetan yo, pandan ankèt la ap kontinye pou detèmine tout sikonstans ki antoure dosye Osvaldo Mardy a.

Share:

Leave a reply