Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la, DDENO enstale Enspektè Wilner Julmisse kòm nouvo Direktè Depatmantal Adjwen nan Ba Nòdwès

09/25/2026
Jan Rabèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la (DDENO) enstale Enspektè Wilner Julmisse kòm nouvo Direktè Depatmantal Adjwen nan Direksyon Depatmantal Edikasyon Dekonsantre nan Ba Nòdwès. Nouvo estrikti sa a antre nan kad efò pou rapwoche sèvis edikatif yo ak lekòl yo, pwofesè yo, paran yo ak tout lòt aktè nan kominote edikatif la.
Nan menm okazyon an, de lòt responsab pran sèvis nan kad ranfòsman ekip administratif DDENO a. Enspektè Waltin Janvier se nouvo Kòdonatè Ansèyman Fondamantal, pandan Enspektè Rebert Louis pran tèt Kowòdinasyon Ansèyman Segondè a. Nouvo dispozisyon sa yo vize amelyore kowòdinasyon ak sipèvizyon aktivite edikatif yo nan kat (4) komin ki konsène yo (Jan Rabèl, Mòl Sen Nikola, Bonbadopolis ak Bèdeyèn), avèk yon apwòch ki chita sou pwoksimite ak pi bon repons nan sa ki gen pou wè ak bezwen lekòl yo.
Nan okazyon sa a, Direksyon Depatmantal Edikasyon Nòdwès la pwofite salye inisyativ Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) la, ki pèmèt sèvis edikatif yo vin pi pre kominote yo. Direksyon an reafime sipò li bay nouvo responsab sa yo, pandan li swete yo siksè nan misyon yo, nan objektif pou kontribye nan yon administrasyon edikatif ki pi efikas e ki pi adapte ak reyalite Ba Nòdwès la.






