Aprè plizyè jou anlèvman yon bebe nan lopital Sentantwann Jeremi an, direktris enstiti byenèt sosyal ak rechèch la, Galène Dupoux ekzije rezilta ankèt lan.

134
0
Share:
TRiboLAND

09- 26 – 2026

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè plizyè dizenn jou silans sou disparisyon yon bebe nan matènite lopital Sentantwann Jeremi an, direktris depatmantal enstiti byenèt sosyal ak rechèch nan Grandans, Galène Dupoux ekzije bo kote otorite lapolis ak lajistis yo nan Jeremi pou fè limyè sou disparition ou anlèvman yon vu bebe anndan matènite lopital Sentantwann Jeremi an.

Daprè deklarasyon direktris Dupoux, li pa demokratik pou lapolis jidisyè nan Jeremi pa janm bay rapò ankèt ke’l t’ap mennen sou anlèvman bebe a nan lopital Sentantwann Jeremi an. Konsa, li pwomèt nan nivo byenèt sosyal y’ap fè tout sa ki nan misyon enstitisyon an pou limyè rive fèt sou aksyon sa a ke li konsidre kòm yon krim kont imanite atoufè san fwa ni lwa fè nan lopital lan.

Finalman, madam Dupoux rabat pou li di, menm si se paran ou lòt endividi ki kontribye nan volè bebe a yo tout dwe sanksyone avèk anpil rigè.

Share:

Leave a reply