Ba Nòwès: Sechrès nan lokalite Dèsous bay peyizan yo gwo kè kase.

1,037

Lapli ki pa tonbe depi yon bon bout tan nan 5è seksyon Dèsous, lokalite Lamontay, komin Jan-Rabèl, lakòz gwo enpak sou bèt ak jaden peyizan yo.

02-16-23

Jan-Rabèl, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon entèvyou ke li akòde korespondan TRiboLAND yo, Faniel Lovens, yon lidè kominotè, orijinè seksyon kominal Dèsous, fè konnen lapli ki pa tonbe depi yon bon bout tan nan komin Jan-Rabèl, se yon veritab dràm anviwonmantal ki bay gro batman kè bò kote peyizan yo lè yo konsidere kantite dega ke secherès la sa gentan okazyone.

Karans lapli ki pa tonbe a, bay anpil lawouli e menm riske pwovoke yon egzòd riral pou lòt komin yo. Yo makònn tèt betay deja mouri, san konte yon latriye jaden ki deja pase anba flanm solèy. Anplis, karans prodiksyon agrikòl yo, okazyone grangou kwaze pye’l rèd mare nan rejyon an.

Plede anfavè yon solisyon apwopriye, Faniel Lovens, mande ak gouvènman moun tèt san cheve yo prese, prese ak yon plan dijans, yon mannyè pou sòs la pa koute pi chè ke vyann nan!

Nap raple, dènye fwa popilasyon Dèsous la te jwen yon ti lawozay lapli, se te nan mwa sèptanm 2022.

Comments are closed.