Lapolis nan Laskawobas arete yon swadizan manm gang “Village de Dieu” ki te vin refijye l nan komin nan

1,057

04-09-2023

Laskawobas, Ayiti ____(TRiboLAND) Pandan yon operasyon ki te dewoule nan lannwit samdi 8 avril 2023 a nan vil Laskawobas depatman Sant, lapolis arete Michel Mackenson.

Mackenson ki fèt nan Petyonvil, li gen 26 lane, li abite Desermithe. Li te manm yon gang ki te gen Kemperse ki tap dirije l anvan l rantre nan gang Village de Dieu.

Nap fè remake otorite dominiken yo te depòte Mackenson Michel. Li te al pran refij nan Laskawobas pou rete tann yon viza pou retounen nan tè Sendomeng.

Nan moman an Mackenson Michel twouve l nan gadavi pou swit legal yo.

Comments are closed.