Lopital Notre-Dame de La Paix nan Jan Rabèl, se yon veritab simityè

1,136

01-18-2023

Jan Rabèl, Ayiti ___(TRiboLAND) Daprè sitwayèn angaje, Mme Juliette Jean-Philippe Francisque, lopital “Notre-Dame de la Paix, pi gwo sant ospitalye nan komin Jan Rabèl ap fè fas ak yon seri gwo sakad, ki fè enpak sou pasyan yo ki pa sispann mouri akoz mankman sèvis.

Majorite nan responsab yo pa prezan nan Lopital la, tankou: Direktè, Administratè kap viv Etazini, entènis lopital la, Jinekològ la, Pedyat la, Famasyen akEnfimyè; san konte pou yon moun jwenn sèvis anbilans lan, ou dwe gen gro magogo, san sa ou pa ladann.

Daprè Mme Juliette toujou, pandan mwa desanm 2022 a pou rive jounen jodia, omwen yon dizèn fanm ansent pèdi lavi yo. Gen nan yo ki mouri aprè akouchman, e rès yo mouri ak tout bebe. Sal dijans lopital la pa ka reponn ak egzijans, otreman ou ta di se yon sal neglijans. Sou chak 10 moun ki antre nan li, gen 7 nan yo ki mouri.

Lavi moun Ba Nòdwès an danje, e popilasyon Jan Rabèl la, pa janm sispann poze kesyon, poukisa oken sèvis debaz pa egziste nan lopital sila. Moun yo mande responsab DSNO yo aji vit, san sa pita ka pitris.



Comments are closed.